visualizaciones de letras 6

Janw Fè’m Santi’m (feat. Misty Jean)

Fantom BC

Letra

Ou fè m santi yon pikotman
Santi yon jwa yon kè kontan
Ou fè mwen santi mwen vivan
Ou fè nan mwen yon dal chanjman

Ou fè m santi m g'on rekonfò
Lè m avè w, ou fè kè m bat fò
M ap renmen w menm aprè lanmò
Ou fè m santi m yon lot jan
Ou fè m santi m rich pye atè
Ou fè m gen kontwòl tout latè

Se mwen k pou di w jan w fè m santi m
M santi m rich san m pa g'on santim
Dlo verite m, mwen vle w manti m
Nan men w, mwen vle remèt lavi m

Si tout mwen ta yon plim, ou mèt kwè se ou k ap lank
E toutfwa m ta nan mawon, pou m kache, se ou k t ap plank
Toutfwa m ta yon batiman, pou kanpe m, se ou k ap lank
E si m ta lajan pou sere, cheri, se ou kap la bank

Toutfwa m ta vin douvanjou, ou mèt lawouze m
E toutfwa mwen ta pousyè, ou dwe dlo k pou wouze
Toutfwa m ta yon sigarèt, rale m, ou pouse
Garanti w, jamè m p ap fè w touse

Ou fè m santi m moun Jeremi paske ou se gwo bòl tonmtonm mwen
Pou moun Lewogàn, ou se kone kata tanbou mwen
Wi, m se nèg okap e se ou ki jalouzi an mwen
Etan k ayisyen ou se madanm mwen, anmiyanm mwen (oh)

Ou fè m santi m diferan
Nan kèm ou fè dife pran
Pyès nèg p ap k fè frekan
Kounyeya men mwen, yo ta pran
Se mwen ki pou ta di w jan w fè m santi mwen
Nan kè w mwen vle rete pou m k santi m mwen

Se mwen k pou di w jan w fè m santi m
M santi m rich san m pa g'on santim
Dlo verite m, mwen vle w manti m
Nan men w, mwen vle remèt lavi m

Ou fè m santi mwen fò, paske ou chase tout feblès mwen
Ou renmen m, mwen renmen w, mwen vle ou vin metrès mwen
Ou trete mwen tankou wa, m ganranti w m ap fè w vin rèn mwen
Kit nan byen, kit nan mal, mwen vle w kanpe avèk mwen
Malgre mwen ba w pwoblèm, ou pa kou-kouri kite mwen
Ou di m ou p ap janm ban m vag, ni ou p ap mouri kite m
Ou pa kyè de sa yo di, ou kwè m se mezi pye w
Lanmou sa fè m santi m byen, ou ban m li san mezire

M pa vle w santi m
Avè w, m santi m
Chase annwi, (oh, oh)

M pa vle w santi m
Avè w, m santi m
Chase annwi

Se mwen k pou di w jan w fè m santi m (jan w fè m santi m)
M santi m rich san m pa g'on santim (santi m rich san m pa g'on santim)
Dlo verite m, mwen vle w manti m (mwen vle w manti m)
Nan men w, mwen vle remèt lavi m (mwen vle remèt lavi m)

Eh-eh-eh
Yeah-yeah-yeah
Ouh-ouh-ouh


Comentários

Envie dúvidas, explicações e curiosidades sobre a letra

0 / 500

Faça parte  dessa comunidade 

Tire dúvidas sobre idiomas, interaja com outros fãs de Fantom BC e vá além da letra da música.

Conheça o Letras Academy

Enviar para a central de dúvidas?

Dúvidas enviadas podem receber respostas de professores e alunos da plataforma.

Fixe este conteúdo com a aula:

0 / 500


Opções de seleção

Las más escuchadas de Fantom BC